Le revers de la medaille.

Se Premye fwa mwen pral vizite Okap. Okap klase kòm dezyèm vil peyi a e premye vil touristik tou. Gen anpil lye touristik okap (tankou palais sans soucis, la citadelle la Ferrière, Lakou Breda, vertières, Bois Caïman…) Ke m te toujou reve vizite. Erezman  » la patience est le fruit de la foi, au bout de la patience il y a le ciel. » Jodi a se gran jou a.

Mwen pa t kite John Peter, mennaj mwen an rive nan faz pou konvenk mwen lè l te pwopoze m antre ak li Okap pou selebrasyon maryaj kouzin li Jenipher.

John Peter se moun Okap, sa gen 2 mwa depi nou ansanm. Li te vin abite pòtoprens depi lè l t ap antre nan fakilte. Mwen te di l « mwen paka konprann kòman yon moun arive fè chwa kite okap pou vin viv pòtoprens janm te tande y ap pale byen de vil sa. » Li te di l te vle vole ak pwòp zèl li. Se rezon sa ki fè li elwaye de fanmi l.

Si w sou twitter, si w aktif, ou ap remake kèk twit ki fèt konsa » mete yon nèg Okap nan vi nou. »

Si w ap chèche yon nèg ki afektye, ki konn abiye, ki kwè nan konesans m preskri w yon nèg Okap. Zafè pa p bay fanm lajan an s on mansonj k ap naje yon verite. Pou w Jwenn lajan an ou dwe gen abilite pou w stimile yo tankou rann yo fyè yo genyen w nan vi yo, si non w ap plake etikèt tikoulout la nan fwon yo. Nan Zafè jalouzi Fè tout nèg lòt zòn f on ti bak, bay nèg Okap plas devan svp. E lòt chay la? Pawòl ki di nèg okap simante pye kabann ak tout lòt mèb ki gen nan kay la. Si koup la ta Kraze e fi a ta vle kite kay la, l ap sèlman pran ti malèt li vire, li pa p ka ale ak anyen. Sa non plis m pa konn si se vre. Men bagay sa tèlman pale yo di si nèg okap ta jwenn pou simante menm bouboun yon fi yo damou yo t ap fè l.

Kontantman m nan pa sèlman rezime ak al konn Okap men tou m ta pral rekonèt Fanmi John Peter en chair et en Os. Byen ke m konn pale nan telefòn plizyè fwa ak mme Elizabeth, wè kèk foto Laura ak jimo john peter a (John Kerry ) nan telefòn.

Pou jan John Peter konn ap pale de fanmi l sa fè m panse ak yon bèl fanmi ki gen lanmou ak lavi. Sof ak jimo l la John Kerry li te di li pa t janm ka antann depi l te piti. Pandan nan jèn aj yo te gen yon bagay ki te pase nan mitan yo ki te koz yo vin dozado nèt. Lè m te mande l pou l rakonte m sa k te pase a li te grate tèt li tankou m te mete l nan nan ti soulye l.

Nou te nan wout la depi 7 h nan maten sou vye jeep Peter a. Nou te desann piyon fè yon ti eskal, achte bagay pou anbarase vant lan. Aprè n te fin manje, detann nou yon ti kras nou te tounen nan machin nan kontinye wout la.

Nou te rive Okap nan 1 h yo. Vil la te yon ti jan kalm. Premye bagay ki te atire atansyon m se jan Ri yo idantifye a. Maryaj lèt epi chif. Egzanp ri k- 10, ri M-20. Kay yo, gen ladan yo ki tankou ansyen kay sou tan lakoloni, konsa tou genyen ki Modèn.

Nou te rive a destinasyon, lakay Peter a 1h 30 ou 35 yo. Mme Elizabeth te kouri vin rankontre nou lè l te wè pwent tèt nou ki t ap antre nan lakou a. Se te yon madanm trè akeyant, vizaj li te gen yon souri plen ak chalè. Li te antoure m nan bra l, swete m byenveni, pase men nan tèt Peter avèk lanmou. Je l te tonbe nan je m, li te souri ban mwen.

-Ban m ede w pote.

Li te pran ti malèt mwen an antre anndan ak li.

-Manje a deja prè. Pase nan douch la lave figi nou ak men nou pou n ka manje, aprè na benyen e repoze n.

Nou te swiv li ki t ap antre nan yon chanm depoze malèt la. John te fin depoze valiz li a, li te pran menm fè m pran direksyon douch la. Yon brèf lavaj nou te tounen nan sal a manje a . Yon sòs pwazon ak nwa dekore ak piman dous, zonyon, akonpaye yon diri kole ak pwa bonis yon ji kowosòl te gen tan chita sou tab ap tann nou.

Se te nou 3 a sèlman an ki te sou tab la : Mme Elizabeth, mwen menm epi Peter. Kerry pa t la, Laura pa t la non plis. Mwen te anvi mande pou yo mwen te evite sa. M pa t vle parèt twò endiskrè. Men ta sanble Peter te arive li nan panse m, oubyen akoz endis je m ki te fikse sou 2 plas yo ki rete vid ak kouvè yo ki te byen aranje .

Li te mande:

– Kote Laura ak Kerry manmi?

– Laura nan monte desann ak Jenipher. Mesye yo bay pou Kerry a m pa konn nan ki peyi li ye li menm. Ou pa t ekri yo di w rive?

– M te ekri Laura lè m te nan wout la. M pa kwè kerry konnen si m antre.

Nou te kòmanse manje. Peter t ap rakonte manman l ki jan bagay yo ye dèyè e mande pou kèk fanmi l ki Okap. Mwen pa t pote twòp atansyon ak konvèzasyon yo a. Lespri m te yon ti kras abati nan pran pitye pou Kerry. Li parèt klè ke yo mwens apresye l. Chouchou fanmi an se te Peter, pa t gen dout nan sa. Men ki jan de moun Kerry ye an reyalite? Eske l se yon tèt fè mal vre jan yo trete l la? Peter te di li menm ak Kerry pa gen bon relasyon eske se paske yo trete l pi byen ke Kerry, pi privilejye ki koz ying yang lan?

John te touche bra ‘m.

-Manmi ap pale avè w.

– Mwen dezole mme Elizabeth, mwen distrè. Ou te di kisa ?

-Eske w renmen vil la?

– wi, mwen renmen l. Mwen te toujou reve vin konn okap. Mwen tande pale anpil de li.

– Aprè maryaj la ou ka fè 2 ou 3 jou anplus, Peter ap sèvi w gid pou w vizite tout bèl andwa nou yo.

-Merciii mwen te kriye. Peter pral bezwen takse m, gen tan di l se yon travay benevola.

Nou te pase tout ti rès tan an ap bavade nan yon bèl atmosfè. Finalman m te sispann pran Kerry pou ka. Peter te vin anonse deplasman l. Li ta pral mezire rad pou pwotokòl maryaj la.

Mwen te dirije nan chanm mwen ak Peter te desann nan pou yon ti repo avan m te benyen. Alonje m sou kabann nan, kas nan zorèy mwen ap tande mizik sa te bemolize sansasyon solitid la. San ankenn efò dòmi te bwote m ale. Mwen te reveye nan 6h. Peter pa t ko vini. Mwen te anvlope kò m ak yon sèvyèt, mwen te file nan douch la. Lè m te antre Peter te anndan an. Tèt anlè, yon men l te sou mi an, lòt men an t ap mastibe tèt li.

Li te sote lè l te wè m. Mwen t ap souri pandan m t ap mòde lendèks mwen. Sèn nan te tèlman eksitan po bouch mwen pote kwa a.

Mwen te lage sèvyèt la atè, desann kilòt ki te sou mwen an, pèche li atè a ak 2 zotèy mwen voye sou li ki te kanpe nan beynwa a ap gade m san di yon mo.

Li atrape kilòt la, pran Sant li San dekole zye l sou mwen. Mwen t ap gade Ti tonton tèt chòv li a ki t ap grandi, tankou se lè w mete dife nan ke koulèv. Mwen te espere li vin leve m kote m te kanpe a, men non li pa t vini. Li te jis kontante gade m soti nan tèt rive nan pòt wayòm syèl yo. Kòman l te fè anbarase paske mwen sote sou li k ap bat laponyèt? Mwen Konnen li konn fè l. Tande ak wè se 2 bagay diferan vre.

Mwen te avanse sou li, pase men nan kou l, anpare lèv li. Li te reponn timidman ak beze m nan. Mwen te pase men sou tonton an ki te soti pou pèse anba ti vant mwen.

Li te kòmanse ap mete plis chalè nan beze yo. Li te ouvri vàn nan, rale m kole sou li, anbrase m avèk foug pendan dlo t ap vide sou nou. Li te fè m kage tèt mwen pran plezi nan gade dlo a k ap koule sou tete m. Li te kontoune pwent lang li sou youn 2 dwèt li t ap woule lòt la. Li te vire m vyolaman de dos, peze yon bò dèyè m tankou l t ap mezire ki gwosè t ap mwen te ka pran. Andeyò de seksyèl mwen ta dwe ak de ran dlo nan je m. Men se pa t le cas, mwen te souke mechan dash lan pou li sa ki te sisite l ban m yon Plash Plash. Li te kenbe grèf lan, redrese m sou li . Li te leve pye dwat mwen akwochte bò anch li, men l t ap chèche anplasman pòt antre a tankou yon avèg avèk baton l.

Sèlman antre a ki te LENTO swit ak sa nan langaj mizikal m te ka di se mouvman  » con brio, vivace, agitato »

Peter t ap frape ak raj, tankou yon nèg ki te fè 20 lane nan prizon ki pa t janm touche fanm. Tout anvi l t ap refoule depi dat sa a li te vin ap vomi yo nan premye okazyon. Si w te vle bay egzanp yon moun ki twouve lajwa nan soufrans li, ou te ka pran m san ezite. Mwen te vle kriye byen fò, men m te pè pou mme Elizabeth pa t tande m.

Li te vire m, kenbe kou m, kole m nan mi an, ekraze lèv mwen ak beze. Li te soulve m, pase 2 pye m nan senti l. Li te vin chita sou bò beynwa a, tape m yon lòt fwa yon mesaj pou m chevoche animal la. Li te leve kanpe. Chak bra l te antoure pye m. Men m te pase nan kou l li t ap opere mirak men m jan ak Moyiz ak baton l lan. Li te mete atè yon pye m sou epol li…

Se nan moman sa pòt la te ouvri. Yon 2em Peter te fè aparisyon. Mwen te kouri desann pye m. Premye Peter a te rale m kole sou li. Mwen te repouse l, ekate m de li. M t ap jete yon rega tanto sou li tanto sou 2em Peter a. Mwen pa t ka kwè sa, ak nèg mwen t ap fè seksyèl la se te Kerry, jimo Peter.

Peter t ap avanse sou nou. Mwen te kouri soti nan beynwa a al kenbe l pou l pa t goumen ak Kerry. Li te pouse m al frape nan pòt la. Li te tire yon kout pwen sou Kerry. Mwen t ap eseye rale l, li te ban m yon kalòt ki te Pete bouch mwen. Kerry te mete men Anba kou l frape figi l nan lavabo a. Mwen te kouri kenbe men Kerry.

– Pou lanmou Bondye svp Kerry, non!

Li te pran yon sèvyèt mare nan senti l.

Li te di Peter avan l soti :

– Karma is Bitch Nèg. Pou Paola! Pou kè m ou te brize, se moman pou w konprann…

Mwen te pwoche bò kote Peter atè a figi l te plen ak san. Li te pouse menm. Mwen t ap eseye touche l yon lòt fwa li te leve apiye m nan mi an pandan l t ap eseye toufe m.

Mwen te leve tou esoufle tankou m t ap viv sèn yo nan reyalite. Mwen te voye je m gade John ki kouche bò kote m nan, byen lwen nan somèy li.

Mwen te leve chita, 2 pye m anba vant mwen tou tranble, tranpe ak swe.

-Kisa rèv sa vle di ?

Demen m ap antre Okap pou premye fwa ak Peter. Wi li gen yon frè l ki jimo ke yo pa gen bon relasyon akoz yon bagay ki te pase nan mitan yo. Kesyon sa m tounen ap poze l. Eske vrè rezon divizyon an se paske Peter te kouche ak mennaj Kerry? Eske rèv la se yon mesaj ki di mke Kerry pral tire revanj sou mwen? Eske m ka di Peter mwen pa p antre Okap ankò? Kijan m pral fè esplike l rèv sa? Kisa m dwe fè?

Mwen limen ekran telefòn nan. Li 2h. Mwen soupire paske m santi nwit lan ap long anpil. E se premye fwa mwen santi m ta dwe posede pouvwa pou fè tan an kanpe. Konsa l pa t ap janm demen, mwen pa t ap gen ankenn enkyetid paske m pa ta prale nan mezon kote rèv mwen di m karma pral frape.

Un commentaire sur “Le revers de la medaille.

Laisser un commentaire